Lawouze Info

IMG-20250722-WA0220.jpg

Silans lan fè bri. Wi, silans sa a, silans medyatik sa a sou arestasyon Pierre Réginald Boulos, se youn nan pi gwo eskandal etik nan jounalis Ayiti nan dènye ane yo.

Pandan tout pèp la ap pale, ap mande kont, ap mande jistis, “gran medya” yo fèmen bouch yo, mete kas sou zòrèy yo, fèmen je yo. Yo pa wè, yo pa tande, yo pa pale. Tankou pa gen anyen ki rive. Tankou arestasyon yon mesye ki pase tout lavi li ap manipile politik isit nan peyi pa nou, ap finanse gang, ap achte eleksyon, ap sal non peyi a, se pa nouvèl, nou TOUT sonje kouman antreprenè a te rele chèf gang isi yo, lidè kominotè.

Kisa ki esplike silans sa ? SENP. Yo PÈDI LALIBÈTE YO POU TI KÒB, YO PÈDI DIYITE YO POU PAY MONNEN. Boulos achte yo. Depi plizyè lane, misye ap finanse emisyon, mete piblisite sou tout medya, sipòte “jounalis endepandan” ki an reyalite tounen ti pwopagandis. E jodi a, lè gran biznismann sa ki akize de tout bagay sa yo—trafik enfliyans, koripsyon, finasman bandi, e menm konplisite nan asasina Prezidan Jovenel Moïse—finalman tonbe, medya yo fèmen dyòl yo. Sa yo pa di, pa ka blese.

Men nou sonje. Pèp la pa bèt. Nou sonje kijan Boulos te vin fè politik ak lajan sal, kijan li t ap achte wòl li kòm “sòti delivrans”, kijan li te vire tout opinyon piblik la tankou bwat mayi. Li se youn nan sila ki te toujou ap frennen nenpòt chanjman reyèl. Se li ki te toujou ap mete baton nan wou revolisyon pèp la.

Li te toujou gen “zanmi nan laprès”, paske li te konn peye. E kounye a, nou wè rezilta li.

Sa se pa jounalis, sa se machann mikro. Sa se pa medya endepandan, sa se lame pèsonèl oligachi a. Yo tounen chwal Twa ki la pou fè n dòmi, pou anpeche n panse, pou kouvri vòlè, asasen, ak mafya ki mete peyi a ajenou.

Se pou Nou pale, nou pa dwe fè silans, nou dwe lonje dwèt sou yo.

Kisa w ap tann pou pale? Pou di non? Pou repran kontwòl misyon w lan? Si w panse w ka gen netralite ou deja chwazi kan w : ou chita bò kote mantè yo.

Nou pap janm devlope yon peyi ak medya k ap fè kout lang pou kriminèl. Nou pap janm bati yon demokrasi ak laprès k ap vann silans li pou piblisite.

Pandan jodi a, se Boulos. Demen se ka gang.

Si sistèm lan kontinye mache konsa, pa gen pyès lajistis, pa gen pyès verite, pa gen pyès espwa.

Peyi a merite plis. Pèp la merite laverite. E se nou, sitwayen, ki dwe kontinye mete presyon pou kraze chèn konplisite sa a ant medya ak pouvwa sal.

Jean Pierre Wesley

Catégories : Atualités

0 commentaire

Laisser un commentaire

Emplacement de l’avatar

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *