Lawouze Info

FB_IMG_1739493535536.jpg

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an enstale jounen jedi 13 fevriye 2025 lan, nan Viladakèy, Mesye Miradin Morlan kòm nouvo Direktè kabinè KPT a.

Nan diskou li fè pou sikonstans lan, Sekretè Jeneral Prezidans lan Madam Marie Élizabeth Régine Joseph HADDAD swete nouvo direktè a byenvini nan nouvo pòs li a. Li fè konnen li konte sou li pou l fè yon gwo travay pandan l ap pran règleman leta yo pou bousòl, pou avansman peyi a.

Bò kote pa li, Mesye Miradin Morlan eksprime rekonesans li ak Konsèy Prezidansyèl la poutèt yo deziye l nan nouvo pòs sila a. Li angaje l pou l travay anpil nan misyon istorik KPT a genyen pou remete Ayiti sou chimen estabilite demokratik avan 7 fevriye 2026. Li remèsye predesesè li Mesye Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste pou gwo travay li te fè nan fonksyon an. Li tou pwofite pwomèt pou l mete ekspètiz li epi volonte l nan sèvis peyi a.

N ap raple pou tout Moun, se nan menm moman sa a yo bandi boule lopital Jeneral, youn nan pi gwo lopital peyi a te ka konnen.

Lawouze Info

Catégories : Atualités

0 commentaire

Laisser un commentaire

Emplacement de l’avatar

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *