Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) envite tout direktè lekòl, piblik tankou prive, ranpli fòmalite sa yo nan lide pou finalize enskripsyon kandida yo pou egzamen 9yèm ane fondamantal yo.
Konsa, tout direktè lekòl dwe pran dispozisyon sa yo :
1. Peye frè enskripsyon pou chak elèv ki pral nan egzamen 9yèm AF. Montan an se 1.500 goud pou chak kandida ;
2. Pote fich pèman an nan Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) an, pou l ka otorize lekòl la finalize enskripsyon pou kantite kandida li peye pou yo a ;
3. Valide, an liy, sou platfòm ministè a, kandida li peye pou yo a, nan lis fòmasyon klas 9yèm ane ki pral nan egzamen ofisyèl yo ;
4. Soti 17 fevriye pou rive 30 avril 2025, se peryòd MENFP fikse pou dewoulman enskripsyon kandida ki pral nan egzamen 9yèm ane yo.
Kidonk, MENFP mande tout direktè lekòl ki konsène, pou pran tout dispozisyon prese prese pou ranpli fòmalite sa yo nan tèt kole ak Direksyon Depatmantal Edikasyon yo.
Lawouze Info
0 commentaire